Opinions509 Magazine

Une Vision globale de la Beauté et de la Culture Haïtienne

Pa jete fatra laaa

Ayisyen toupatou, nou wè kijan peyi nou an chaje ak fatra.

Fatra anvayi tout kote, fatra pil sou pil, fatra santi move. Sak rive nou la?

An al pi fon. Bann pil fatra sa yo, se pa wout yo sèlman non yo bouche. Yo bouche sèvo nou tout. Fatra ak moun nan peyi a vin sanble kou 2 gout dlo.
Fè yon ti reflechi, w ap wè.

Tonnè boule m, jounen jodiya an 2024, peyi ya, gen plis fatra keu moun. Èskeu nou tande?

Bon, sa pa gen lontan depi gwo zouzoun te konn trete pèp la tankou fatra. Kounye ya, ni anwo, ni nan mitan, ni aba, w ap jwenn plis fatra keu moun.

Ras ansyen Ayisyen an genlè disparèt, kounye a se kras ki ranplase l. Pi gwo danje a, pil fatra sa yo ki nan oligachi, ki nan sektè prive, ki nan klas politik, ki nan tout pouvwa, ki nan gang, ki nan tout bwat leta, ki menm kouvri tèt yo anba dra relijyon ak sèk mistik, pa ezite fè je chèch, lè yap eseye fè tèt yo pase pou moun.

Avanw an afè avè yo. Veye pou wè sise pa yon pil fatra, ou kite antre nan 5 mèt 50 ou.

Granmoun Toujou di: Lagè avèti, pa tiye kokobe.

Opinions509
Author: Opinions509

People can ask you to keep your mouth shut, but does that not keep you from having your own opinion.


Stay connected for new publications, events, and more.

×