Opinions509 Magazine

Speak your mind

Nwa Je Vèt

Nwa Je vèt

Mannigèt sou mannigèt

Nan tout bwat leta yap fè kèt

Banm yon manmèl poum ka bwè lèt

Konstitisyon an ap pran souflèt

Tout jwèt pa jwèt

Lè wap trete m tankou bèt

Yon pakèt nwa je vèt

Kap maltrete pitit sòyèt

Ayiti bèl fanm domaj li graje vèrèt

Yon bann sansi ak yon bann trèt

Ki met Ayiti Toma sou pikèt

  • Ou se yon nwa je vèt

Lè w  ap vòlè pa pakèt

Ak bwote lajan pa malèt

San reflechi san di petèt

  • Ou se yon nwa je vèt

Lè w vann Peyi m an kachèt

Tankou yon gwo vye kabwèt

Ki san valè ki pa gen mèt

  • Ou se yon Nwa Je vèt

Lè nan kwi pòv wap foure dwèt

Sou do Ayiti wap fè dèt

Pou fè fanmi w ap bay payèt

Jou libète n se te bèl fèt

Nou te kwape anpil je vèt

Elimine tout baboukèt.

Map sèmante disèt fwa sèt

Lendepandans gen pou l refèt

Fwa sa nap koupe tout tèt

Ke li se blan ou Nwa je vèt.


Stay connected for new publications, events, and more.

×