Opinions509 Magazine

Une Vision globale de la Beauté et de la Culture Haïtienne

Koze Daki

Sansib pa jwe jwèt mò rèd tout ti vis
Banm sipa poum ka wè ki koulè lanjelis
Yon toubiyon lafyèv anvayi m san diplis
Si mwen ta bal yon nòt li tap fè dis sou dis
Tande Lanperè kap fè kòlè nan lanfè
Pou jan nou maspinen tout sa ke li te fè
Nou tounen yon pakèt zonbi bann man nan
San sèvèl kap mache tèt bese devan blan.

Ganmèl pa al kay kiyè ti sous plen larivyè
Loxidan pap bliye sa nou fè l avanyè
Chita wap pase men ou pa vle m fè w labab
Ou pa wont pou kite kalmason monte tab
Vant chat poko plen, tèt rat pa alabri
Trou sa tèlman fon mwen pa kwè se manti
Map chèche yon verite
Tout tanbou yo kraze.

Bagadi bat ak zòdi
Ayiti pap peri.


Stay connected for new publications, events, and more.

×