Opinions509 Magazine

Une Vision globale de la Beauté et de la Culture Haïtienne

Lèt tou louvri pou Prezidan Jean Bertrand Aristide

Lèt tou louvri pou Prezidan Jean Bertrand Aristide

Lèt tou louvri pou Prezidan Jean Bertrand Aristide

Lèt tou louvri pou Prezidan Jean Bertrand Aristide. Gwoup Patriyòt Ayisyen Konsène (GPAK). Bransh NY

Nan diferan sondaj ki fèt sou pèsonalite politik ayisyen depi kèk lane, W’ rete jiskaprezan lidè karismatik pi popilè nan peyi-a tankou nan diaspora. Sa vle di ke W’ peze lou nan balans lan e gen yon gwo pousantaj nan poplilasyon k’ap gade apre-w.

Gang-controlled communities in Port-au-Prince are ‘hanging on by a thread’Credit: AP

Jodi-a, peyi-a fou, li nan labou, li rantre nan twou. Nou pa bezwen dekri-w plis ke sa. Pa gen dout ke W’konn tout sa k’ap pase e Nou sèten ke W’ Konsène menm jan ak noutout. Nan tèt pa nou, W’pa sispann refleshi sou sitiyasyon pèp ayisyen. Nou sèlman etone ke W poko di piblikman yon mo sou tribilasyon-l anba ensekirite sou tout fòm. E sitiyasyon ijan sa mande pou ta leve vwa-w prese-prese. Lapatri an danje. Plizyè sektè deja pwononse yo kit se pou denonse, kit se pou pwopoze solisyon ak pwoblèm nou yo. Se petèt mo pa-w ki manke osnon lòt gwoup moun ap tann pou yon leve kanpe toutbon vre nan yon dinamik tèt-ansanm pou N’retire peyi-n nan katyouboumbe sa. Nou raple-n youn nan jès senbolik W te fè pandan ke Wou te sou pouvwa. W’ te resevwa nan Palais National, devan kamera televizyon, Serge Beaulieu (Bouboul) ki pat yo alye politik. Sa te montre posiblite pou Nou lonje lamen youn bay lòt menm si Nou pa gen menm apatenans sosyal e politik. Jodi-a li plis ke nesesè pou gen yon chèn solidarite, yon feso, kidonk yon konsansis pou sove peyi-a ki fin deperi.

Se poutèt sa Nou di ke Prezidan Aristide pa ka rete endiferan fas ak kalamite pèp ayisyen. Nan sans sa, Nou lanse yon apèl solanèl a lidè popilè ke W ‘reprezante pou pote kontribisyon pa-w e bay jaret nan yon mouvman patriyotik pou:

  • 1) chavire rejim de facto restavèk e enkapab ki nan tèt peyi-a.
  • 2) elabore yon plan nasyonal pou konbat ensekirite.
  • 3) mete sou pye yon gouvènman “Salut Publique” ak yon pwojè byen defini.
  • 4) reprann dwa granmoun nou nan chita ansanm e mete akote tout vye zizani dantan e enterè mesken.

Nou pa bezwen se etranje ki pou fè-n chita ansanm. Inisyativ sa dwe ayisyen dabò. Listwa-n montre-n sa N’ka fè lè Nou met tèt ansanm. “Men anpil, chay pa lou”. Petion te vinn nan bato expedisyon Leclerc, sa pat anpeche-l fè alyans ak Dessalines pou Nou te goumen kont kolon esklavajis. Jodi-a lènmi komen-an se ensekirite kòm eleman prensipal de yon gwo konplo kont peyi sa dapre sa N’konprann. Akrèk je vèt mete ak sousou lokal san kolòn vètebral rann peyi d’Ayiti envivab nan pwen ke pitit li nan kouri anndan peyi-a lè se pa refij yo pran nan lot peyi.

Se sel yon antant patriyotik sensè ki pou pèmèt Nou konbat lènmi pisan sila. Nou konte sou solidarite-w. “Mieux vaut tard que jamais”. Batay pèp ayisyen se batay pa-w tou e pou anpil rezon….
Nan non tout pitit peyi-a k’ap soufri anndan tankou deyò ti bou tè sa ke nou rele ” Lakay se lakay” Nou salye-w patriyotikman.

Gwoup Patriyòt Ayisyen Konsène (GPAK). Bransh NY

Opinions509
Author: Opinions509

People can ask you to keep your mouth shut, but does that not keep you from having your own opinion.


Stay connected for new publications, events, and more.

×