Opinions509 Magazine

Speak your mind

Sak Pase? nap Vanse

Sak pase? Nap vanse

Sa se yon kri lespwa
Ann di yon ak lafwa
Menm si ou kwè
Menm siw pa kwè
Limyè pi klè
Pase fè nwè.

Sak pase? Nap Vanse.

Pa di mwen ensanse
Ni si de je m pete
M pa kwè se yon peche
Si m pa di nap boule.
Nou boule rèv nou boule tan
Poutan toutan nap di lontan
Se te bonjan lakontantman
Louvri de je n yon ti moman
Pou n wè kisa k pase.

Sak pase? Nap vanse

Se lang nou k kondane n
Lè nou pap boule nap kraze
Tout bèl pawòl se vye koze
Entèlijan..! Nap degaje n.
Zanmi an yon jou te di
Depi li la fò li bèl
Si ou vle lèd ou mèt pati
Ou pap ka la vye azizwèl.

Sak pase? Nap vanse

Menm si lajistis ak lalwa
Anmè tankou lalwa
Vanse vle di vanse
Menm si w vire l lanvè,
Boule vle di boule
Menm si ou abiyel.

Sak pase? Nap vanse

Nou pa wè devan nou konn dèyè
Nap divòse ak tout vye chodyè
Tout sak vle fè nou sòt
Tout kapten dèyè pòt
Pou nou chanje fason n panse.

Sak pase? Nap vanse!!


Stay connected for new publications, events, and more.

×